Poukisa nou dwe evite risk klimatik yo?
Evènman metewolojik yo ap vin pi entans chak jou. Selon kèk etid, se akòz ogmantasyon konsantrasyon gaz efèsè yo nan atmosfè a, ki ogmante tanperati mwayèn planèt la, sa ki vin bay yon rechofman nan klima a. Ogmantasyon tanperati sa a modifye sik dlo a nan akselere evaporasyon dlo nan atmosfè a pandan li fè lapli manke tonbe (twòp lapli yon sèl kou epi sechrès la depase limit). Dlo sa yo, ki konsantre nan atmosfè a, kanmen m fèk yo tonbe sou tè a, kidonk lapli pa vle tonbe, e lè’l resi tonbe li fè ravaj.
Sa ki pi mal pou Ayiti a, se malerezman li sitiye nan zòn konvèjans entètropikal la, zòn ki pi ekspoze a siklòn yo, kote van alize emisfè nò yo ak sa yo ki nan emisfè sid la rankontre pou fòme gwo nyaj tankou kimulonenbus yo ki souvan endike gwo pwobabilite pou gwo lapli tonbe.
Akòz mal sa yo, Ayiti, peyi ki pi pòv nan rejyon Karayib la, oblije pran mezi radikal pou fè fas ak chanjman klimatik yo, lènmi danjere k’ap miltipliye katastwòf yo.
Ki sa nou ka fè pou konbat chanjman klimatik yo?
Òganizasyon ki pi konsène ak chanjman klimatik la, Nasyonzini, atravè de ògann li yo, OMM (Organisation Météorologique Mondiale) ak UNEP (Programme des Nations Unies pour l'Environnement), yo te reyini an 1979 pou mete sou pye yon gwoup syantis ki soti nan plizyè peyi atravè mond lan pou evalye jan klimaa ap evolye. Gwoup sa a rele GIEC (Groupe d'Expert Intergouvernemental sur l'Evolution du Climat).
Apre gwoup sa te fin evalye kèk etid syantifik sou klima a, li te wè yon ijans pou limite emisyon prensipal gaz efèsè yo nan atmosfè a. Se poutèt sa, nan COP 3 an 1988, li te pwopoze Pwotokòl Kyoto a. Malerezman, li pa t mache jan yo te prevwa a, pandan pwoblèm klimatik yo kontinye ap vin pi grav.
Anpil ane pase san anyen konkrè pa fèt, epi aktivite moun ap mennen yo ap ogmante, sa eksplike kòman ijan lan plis. Se poutèt sa Akò Pari a te egzije pou chak lidè yo pran mezi pou limite emisyon gaz efèsè yo epi tou pou retire yon kantite nan gaz sa yo ki deja nan atmosfè a pandan y ap adapte yo ak kondisyon klima yo, paske chanjman klimatik yo deja ap frape nou.
Rapò sa a, ki prezante aklè nivo danje a epi rezon ki fè nou pa gen tan pou nou aji ankò, ban nou fòmil pou nou aplike si nou vle aji tout bon vre. Dapre paragraf 1 Atik 5 akò sa a: ‘Pati yo ta dwe pran mezi pou konsève epi, lè sa apwopriye, ranfòse Poui ak rezèvwa gaz efèsè yo jan sa prevwa nan souparagraf (d) paragraf 1 nan Atik 4 Konvansyon an, sitou forè yo.
An n koute sa klimatolog Jean Jouzel te di sou koze forè yo